Nations Bible

1 Samuel 17

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim. 2Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo. 3Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de. 4Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous). 5Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz. 6Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon lans an bwonz ki te pann antre zepòl li. 7Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. Potè pwotèj li a osi te mache devan li. 8Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen. 9Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.” 10Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”

11Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil. 12Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm. 13Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a. 14David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül. 15Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem.

16Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li.

17Alò, Jesse te di a David, fis li a: “Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a. 18Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo. 19Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.”

20Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a. 21Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame. 22Alò, David te kite sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo. 23Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande. 24Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil. 25Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”

26Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”

27Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.”

28Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.”

29Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?” 30Epi li te vire kite li e te mande yon lòt menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an. 31Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li. 32David te di a Saül: “Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.”

33Epi Saül te di a David: “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.”

34Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an, 35mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li. 36Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”

37Epi David te di: “SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.”

Konsa, Saül te di a David, “Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.”

38Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj. 39David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo.

40Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a. 41Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l. 42Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans. 43Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo. 44Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”

45Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. 46Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, 47epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”

48Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an. 49David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè. 50Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David. 51Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l.

Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale. 52Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron. 53Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo. 54Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan. 55Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?”

Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”

56Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.”

57Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li. 58Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?”

Epi David te reponn li: “Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

David and Goliath

  • The confrontation took place in the Valley of Elah, located in the foothills of Judah between Socoh and Azekah, with the Philistines encamped at Ephes-dammim. The two armies occupied opposing ridges across the valley, setting the stage for single combat.Sources: Valley of Elah · Ephes-dammim · the Bible text itself
  • Goliath came from Gath, one of the five major Philistine cities, and is described as standing six cubits and a span tall. For forty days, he stepped between the battle lines in heavy bronze armor, challenging Israel to settle the war through a duel between champions.Sources: Goliath · Gath · the Bible text itself
  • David, the youngest of Jesse's eight sons from Bethlehem, originally came to the front only to deliver provisions to his three oldest brothers serving in Saul's army. Rejecting Saul's heavy bronze armor and helmet because he was not accustomed to them, David confronted Goliath with his staff, sling, and five smooth stones from the brook.Sources: David · Jesse · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Socoh · Today: Tel Socho · 31.682, 34.975 · verse 1
  • Valley of Elah · 31.675, 34.998 · verses 2, 19
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 12, 15, 58
  • Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verse 52
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 54

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.