1 Samuel 18
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. 2Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l. 3Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. 4Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
5Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
6Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e David dè di-milye pa li menm.”
8Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” 9Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè. 10Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa. 12Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül. 13Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
14David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li. 15Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li. 16Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo. 17Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
18Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
19Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
20Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
22Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”
23Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
24Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
25Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepis yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo. 26Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini, 27David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepis pa yo, e te bay yo a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li. 28Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li, 29li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
30Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.

Did you know?
David's Success and Saul's Jealousy
- Jonathan, the eldest son of King Saul, formed a close bond with David and made a covenant with him. To seal this friendship, Jonathan gave David his own royal robe, tunic, sword, bow, and belt.Sources: Jonathan · the Bible text itself
- The public celebration of David's military victories provoked Saul's enduring jealousy. When women from the cities of Israel sang that Saul had slain thousands while David had slain tens of thousands, Saul grew suspicious and feared losing his kingdom to him.Sources: the Bible text itself
- Although Saul initially promised his eldest daughter Merab to David, she was given in marriage to Adriel of Meholah. Saul then offered his younger daughter Michal, demanding a bride-price of one hundred Philistine foreskins in the hope that David would be killed in battle.Sources: Merab · Michal · Adriel · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org