1 Samuel 16
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”
2Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.”
Epi SENYÈ a te di: “Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’ 3Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.”
4Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”
5Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la. 6Lè yo te antre, li te gade Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”
7Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”
8Epi Jesse te rele Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” 9Pwochènman, Jesse te fè Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” 10Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.” 11Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?”
Epi li te di: “Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.”
Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”
12Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: “Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”
13Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt.
Epi Samuel te leve pou te ale Rama. 14Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”
17Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”
18Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi SENYÈ a avè l.”
19Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”
20Jesse te pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. 21Epi David te vin kote Saül e li te okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. 22Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” 23Epi li te rive ke nenpòt lè move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.

Did you know?
The Anointing of David
- Bethlehem, located in the hill country of Judah, was the home of Jesse, a descendant of Boaz and Ruth. Although Jesse presented seven of his sons to Samuel, David—the eighth and youngest son who was out tending the family sheep—was the one chosen and anointed.Sources: Bethlehem · Jesse · David · the Bible text itself
- When Samuel first considered Jesse's eldest son Eliab because of his stature, God reminded him that humans judge by outward appearance, but the Lord looks at the heart.Sources: the Bible text itself
- David first entered Saul's royal service not as a warrior, but as a skilled harpist summoned to soothe the king during bouts of distress. Saul admired David greatly, keeping him at court and making him his armor-bearer.Sources: the Bible text itself · David · Saul
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org