Nations Bible

1 Corinthians 10

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. 2Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; 3e yo tout te manje menm manje lespri a. 4Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la. 5Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.

6Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a. 7Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” 8Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. 9Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

13Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

14Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri. 15Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. 16Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?

19Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.

21Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?

23Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26“Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

31Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

33Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Wilderness Warnings and the Lord's Table

  • Paul says he does not want the Corinthians unaware that the forefathers were all under the cloud and all passed through the sea, and that they were baptized into Moses in the cloud and in the sea. They all ate the same spiritual food and drank the same spiritual drink from the spiritual rock that accompanied them, and he says that rock was Christ.Sources: the Bible text itself
  • Paul says God was not pleased with most of them, for they were struck down in the wilderness. He lists idolatry, sexual immorality in which twenty-three thousand died in one day, testing Christ, which brought death by snakes, and complaining, punished by the destroying angel, and calls these events examples written down as warnings.Sources: the Bible text itself
  • He calls the cup of blessing and the bread that is broken a participation in the blood and body of Christ, and says pagan sacrifices are offered to demons, not to God, so the two tables cannot be shared. Food sold in the meat market may be eaten without raising questions of conscience, for "The earth is the Lord's, and the fullness thereof," but if someone says it was offered to idols, it should be refused for that person's conscience.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.