1 Corinthians 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
2Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
3Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:
4Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?
5Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?
6Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?
7Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?
8Èske mwen pale bagay sa yo jan moun reflechi? Oubyen èske lalwa pa di menm bagay sa yo tou.
9Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?
10Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.
11Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?
12Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis?
Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.
13Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?
14Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.
15Men mwen pa t itilize okenn nan bagay sa yo. E mwen p ap ekri bagay sa yo pou sa kab fèt nan ka pa m nan; paske li ta pi bon pou m mouri, pase pou m kite okenn moun retire fyète m nan men m.
16Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
17Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.
18Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.
19Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
24Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

Did you know?
An Apostle Who Refuses Support
- Church tradition attributes this chapter to Paul, who defends his apostleship before people who scrutinize him, calls his readers the seal of his apostleship in the Lord, and claims a right to food and drink and to a believing wife, as do the other apostles, the Lord's brothers, and Cephas. He says he has not used that right, preferring to offer the gospel free of charge rather than hinder it.Sources: the Bible text itself
- He asks whether he and Barnabas are the only ones who must work for a living instead of being supported by the gospel. Barnabas, "son of consolation," was the surname of Joses, a Levite and a native of Cyprus, who sold land he owned there; Easton's Bible Dictionary (1897) also says that Barnabas introduced Paul to the apostles when Paul returned to Jerusalem after his conversion.Sources: the Bible text itself · Barnabas
- To support a worker's share in the harvest, he quotes the Law of Moses, "Do not muzzle an ox while it is treading out the grain," and says the plowman and the thresher should expect to share in the harvest. He adds that temple workers eat of the temple's food and those who serve at the altar partake of its offerings, and that the Lord has prescribed the same kind of support for those who preach the gospel.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org