Nations Bible

1 Corinthians 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.

2Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la. 4Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. 5Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li. 6Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li. 7Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. 8Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an. 10Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

11Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye. 13Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri? 14Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li, 15men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li. 16Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni legliz Bondye yo pa pou gen okenn lòt pratik.

17Men lè mwen bay nou kòmand sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.

23Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.

27Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Covered heads and the Lord's Supper

  • The chapter sets out an order of head: the head of every man is Christ, the head of the woman is man, and the head of Christ is God. It also says that in the Lord neither woman nor man is independent of the other, because woman came from man and man is born of woman, and everything comes from God. When they pray or prophesy, a man with his head covered dishonors his head, and a woman with her head uncovered dishonors her head, as if it were shaved; she ought to have a sign of authority on her head because of the angels, and the churches of God are said to have no other practice.Sources: the Bible text itself
  • The writer offers no praise for their gatherings, which he says do more harm than good. He has heard that divisions appear when they come together as a church, and in part he believes it; each person goes ahead without sharing, so one remains hungry while another gets drunk, and therefore it is not the Lord's Supper they eat. He tells them to wait for one another and, if anyone is hungry, to eat at home, so that coming together will not result in judgment.Sources: the Bible text itself
  • He says he received from the Lord what he also passed on: on the night he was betrayed, the Lord Jesus took bread, gave thanks, broke it, and said it was his body, for them; after supper he took the cup and called it the new covenant in his blood, to be done in remembrance of him. As often as they eat this bread and drink this cup, they proclaim the Lord's death until he comes. Whoever eats or drinks in an unworthy manner is guilty of sinning against the body and blood of the Lord, so each person must examine himself, because eating and drinking without recognizing the body brings judgment.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.