1 Chronicles 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo. 2Premye moun ki te vin abite ankò nan tèritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo. 3Kèk nan fis Juda yo, nan fis Benjamin yo ak nan fis a Éphraïm yo avèk Manasée te rete Jérusalem: 4Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, fis a Juda a, 5Soti nan Shilonit yo: Asaja, premye ne a avèk fis li yo. 6Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo. 7Soti nan fis Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Hodavia a, fis a Assenua a; 8epi Jibneja, fis a Jerocham nan; Éla, fis a Uzzi a, fis a Micri a; epi Meschullam, fis a Schephathia a, fis a Reuel la, fis a Jibnija a; 9avèk fanmi pa yo selon zansèt pa yo, nèf-san-senkant-sis. Tout sila yo se te chèf lakay zansèt pa yo selon lakay papa yo.
10Soti nan prèt yo te: Jedaeja, Jehorjarib, Jakin; 11Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a; 12Addaja, fis a Jerocham nan, fis a Paschur a, fis a Malkija a; Maesaï, fis a Adiel la, fis a Jachzéra a, fis a Meschullam nan, fis a Meschillémith la, fis a Immer a; 13epi fanmi pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, mil-sèt-san-swasant, mesye ak gwo kapasite pou lèv lakay Bondye a.
14Nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Merari yo; 15Bakbakkar, Héresch, Galal, Matthania, fis a Michée a, fis a Zicri a, fis a Asaph la; 16Abdias, fis a Schemaeja a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan ak Bérékia, fis a Asa a, fis a Elkana a, ki te rete nan vil Netofatyen yo.
17Alò, gadyen pòtay yo te Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman avèk fanmi pa yo (Schallum, ki te chèf la, 18estasyone jis koulye a nan pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo. 19Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a. 20Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li. 21Zacharie, fis a Meschélémia a, te gadyen pòtay a antre tant asanble a. 22Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, nan pozisyon konfyans sila a. 23Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen. 24Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid. 25Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo; 26paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans, e te sou chanm yo, ak sou trezò lakay Bondye a. 27Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.
28Alò, kèk nan yo te an chaj zouti sèvis yo; paske yo te kontwole yo lè yo te mennen yo antre ak lè yo te sòti. 29Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktyè a, sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.
30Kèk nan fis a prèt yo te prepare melanj epis yo. 31Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo. 32Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.
33Alò, sila yo se te chantè a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit. 34Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.
35Jeïel, papa a Gabaon an te rete Gabaon e madanm li te rele Maacah, 36epi premye ne li a te Abdon ak Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab, 37Guedor, Achjo, Zacharie ak Mikoth. 38Mikloth te fè Schimeam. Epi yo menm tou te rete avèk fanmi pa yo Jérusalem anfas fanmi pa yo. 39Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal. 40Fis a Jonathan an: Merib-Baal. Merib-Baal te vin papa a Michée. 41Fis a Michée yo: Pithon, Mélec ak Thachréa. 42Achaz te fè Jaera; Jaera te fè Alémeth, Azmaveth ak Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea. 43Motsa te vin papa a Rephaja; Éleasa, fis li a; Arsel, fis li a. 44Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abidias avèk Hanan. Sila yo se te fis a Atsel yo.

Did you know?
Resettling Jerusalem and Restoring Temple Service
- First Chronicles 9 transitions from ancient tribal lineages to the community that resettled Jerusalem following the exile in Babylon. This returning group included members of Judah, Benjamin, Ephraim, and Manasseh, as well as priests, Levites, and temple servants.Sources: the Bible text itself · Babylon · Jerusalem
- The text outlines the responsibilities of the Levite gatekeepers, who guarded the sanctuary entrances facing all four cardinal directions. While village-based Levites rotated in for seven-day service periods, key leaders oversaw the temple treasuries, managed worship vessels, and prepared goods such as spices and the showbread.Sources: the Bible text itself · Shallum
- The closing section repeats the ancestry of King Saul rooted in Gibeon, tracing down through his son Jonathan and subsequent descendants. This genealogical record serves as a literary bridge connecting the tribal lists to the narrative of Saul's downfall beginning in chapter 10.Sources: the Bible text itself · Gibeon · Kish · Jonathan
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 3, 34, 38
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 35
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org