1 Chronicles 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Benjamin te devni papa a Bela, premye ne li a, Ashbel, dezyèm nan, Aharah, twazyèm nan, 2Nocha, katriyèm nan ak Rapha, senkyèm nan. 3Bela te fè fis: Addar, Guéra, Abihud, 4Abischua, Naaman, Achoach, 5Guéra, Schephuphan ak Huram. 6Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath: 7Naaman, Achija ak Guéra. Guéra, sila ki te ale an egzil la, te devni papa a Uzza avèk Achichud.
8Schacharaïm te fè pitit nan peyi Moab lè li te fin fè sòti madanm li yo, Hushim ak Baara. 9Avèk Hodesch, madanm li an, li te devni papa a Jobab, Tsibja, Méscha, Malcam, 10Jeuts, Schocja ak Mirma. Sila yo se te fis li yo, chèf lakay zansèt pa yo 11Pa Huschim, li menm Schacharaïm te vin papa Abithub avèk Eipaal. 12Fis a Elpaal yo: Éber, Mischeam, avèk Schémer, ki te bati Ono avèk Lod avèk vil pa li yo; 13epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale, 14epi Achjo, Schaschak, Jerémpoth, 15Zebadja, Arad, Éder, 16Micaël, Jischpha avèk Jocha te fis a Beria. 17Zebadja, Meschullam, Hizki, Héber, 18Jischmeraï, Jizlia avèk Jobab te fis a Elpaal. 19Jakim, Zicri, Zabdi, 20Éliénaï, Tsilthaï, Éliel, 21Adaja, Beraja ak Schimrath te fis a Shimei. 22Jischpan, Éber, Éliel, 23Abdon, Zicri, Hanan, 24Hananja, Élam, Anthothija, 25Jiphdeja avèk Penuel te fis a Schaschak. 26Schamscheraï, Schecharia, Athalia, 27Jaaréschia, Élija ak Zicri te fis a Jerocham. 28Sila yo se te chèf a fanmi zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf ki te rete Jérusalem yo,
29Alò, nan Gabaon, te rete Jeiel, papa a Gabaon an e madanm li te rele Maaca; 30epi fis premye ne pa l la se te Abdon ak Tsus, Kis, Baal, Nadab, 31Guedor, Achjo ak Jéker. 32Mikloth te fè Schimea. Yo menm tou te rete Jérusalem avèk fanmi pa yo anfas lòt moun fanmi pa yo. 33Ner te vin papa a Kis e Kis te vin papa a Saül: Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal. 34Fis a Jonathan yo: Merib-Baal. Merib-Baal te fè Michée. 35Fis a Michée yo: Pithon, Mélec, Thaeréa avèk Achaz. 36Achaz te fè Jehoadda; Jehoadda te fè Alémeth, Azmaveth avèk Zimri; Zimri te fè Motsa; 37Motsa te fè Binea. Rapha te fis pa li; Éleasa, fis pa li a, Atsel, fis pa li a; 38Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abdias avèk Hanan. Tout sa yo se te fis a Atsel yo. 39Fis a Éschek yo, frè li a: Ulam, premye ne li a, Jeusch, dezyèm nan ak Éliphéleth, twazyèm nan. 40Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.

Did you know?
Genealogy of Benjamin and the Line of Saul
- 1 Chronicles 8 provides an extensive genealogy of the tribe of Benjamin, culminating in the ancestral and continuing lineage of King Saul and his son Jonathan. The record traces Jonathan's descendants across many generations, including Merib-baal, Micah, and a line of renowned archers descended from Ulam.Sources: the Bible text itself · Jonathan · Micah
- The chapter highlights key settlements and regional activities of Benjamite clans, such as Shemed founding Ono and Lod, and the clan heads Beriah and Shema driving out the inhabitants of Gath from Aijalon. In addition to these towns, numerous Benjamite family leaders are recorded as residing in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Beriah · Ono · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 8
- Lod · 31.950, 34.900 · verse 12
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 28, 32
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 29
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org