1 Chronicles 10
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa. 2Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo. 3Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo. 4Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.”
Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri. 6Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm. 7Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
8Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a. 9Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la. 10Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kole tèt li lakay Dagon an. 11Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.
13Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

Did you know?
The Fall of Saul and Transition to David
- The Philistines defeated Israel on Mount Gilboa, killing King Saul's sons Jonathan, Abinadab, and Malchi-shua. After Saul took his own life, the Philistines stripped his armor to place it in the temple of their gods and fastened his head in the temple of Dagon, their national deity.Sources: the Bible text itself · Dagon · Mount Gilboa · Jonathan
- Upon hearing how the Philistines treated Saul, valiant men from Jabesh-gilead traveled to retrieve the bodies of Saul and his sons. They carried them back to Jabesh, buried their bones under a large oak tree, and observed a seven-day fast.Sources: the Bible text itself · Jabesh-gilead
- The Chronicler summarizes Saul's downfall as a consequence of unfaithfulness to the LORD, including his failure to inquire of God and his consultation of a medium. This tragic end sets the stage for the kingdom to be transferred to David, the son of Jesse.Sources: the Bible text itself · David · Jesse
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Gilboa · 32.434, 35.414 · verses 1, 8
- Valley of Jezreel · Today: Jezreel Valley · 32.596, 35.242 · verse 7
- Philistia · 31.664, 34.546 · verse 9
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org