1 Chronicles 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò Hiram, wa Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li. 2Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li an te egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
3David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi. 4Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon, 5Jibhar, Élischua, Elphéleth, 6Noga, Népheg, Japhia, 7Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
8Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo. 9Alò, Filisten yo te vini e te fè yon atak nan vale Rephaïm nan. 10David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?”
SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
11Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim. 12Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
13Filisten yo te fè yon lòt atak nan vale a. 14David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo. 15Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
16David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer. 17Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.

Did you know?
David's Palace and Victories over the Philistines
- The Phoenician coastal city of Tyre was renowned for its maritime commerce and skilled craftsmen. King Hiram provided David with Lebanese cedar logs, stonemasons, and carpenters to build a royal palace in Jerusalem.Sources: Hiram · Tyre · the Bible text itself
- The Valley of Rephaim lay southwest of Jerusalem, providing invaders a natural corridor toward the city. David named the site of his victory Baal-perazim, meaning a bursting through, comparing God breaking through his enemies to a raging flood.Sources: Valley of Rephaim · Baal-perazim · the Bible text itself
- In their second confrontation, David ambushed the Philistine army near a grove of balsam trees and pursued the retreating forces from Gibeon all the way to Gezer on the coastal plain.Sources: Gibeon · Gezer · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 1
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 3, 4
- Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 9
- Gezer · Today: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · verse 16
- Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org