Nations Bible

1 Chronicles 13

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf. 2David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk tèren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou. 3Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”

4Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la. 5Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.

6David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

9Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l. 10Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye. 11Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. 12David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?” 13Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath. 14Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Attempt to Move the Ark

  • The Ark of the Covenant had rested at the home of Abinadab in Kiriath-jearim (also known as Baalah) since its return from Philistine territory. David convened leaders and assembled Israelites from Shihor at the border of Egypt to Lebo-hamath in the north to bring the Ark to Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Abinadab · Baalah
  • Abinadab's sons, Uzzah and Ahio, guided the new ox cart transporting the Ark, with Ahio walking ahead. When the oxen stumbled at the threshing floor of Chidon, Uzzah reached out to steady the Ark and died there, prompting David to name the site Perez-uzzah.Sources: the Bible text itself · Uzzah · Ahio · Perez-uzza
  • After Uzzah's sudden death, David feared proceeding to the City of David and diverted the Ark to the house of Obed-edom the Gittite. It remained there for three months, during which time his household and possessions were blessed.Sources: the Bible text itself · Uzzah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 5
  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 5, 6
  • Baalah · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verse 6
  • Perez-uzzah · Today: within 1 km of Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11
  • City of David · 31.774, 35.236 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.