Nations Bible

1 Chronicles 15

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li. 2Alò, David te di: “Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”

3Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a. 4David te rasanble tout fis a Aaron yo ak Levit yo: 5Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo; 6fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo; 7nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo; 8nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo; 9nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo; 10nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.

11Alò, David te rele Tsadok ak Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab. 12Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a. 13Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”

14Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la. 15Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.

16Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo. 17Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a; 18epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo. 19Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo; 20epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la; 21epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an. 22Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò. 23Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la. 24Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.

25Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans. 26Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis sèt towo ak sèt belye. 27Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len. 28Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita. 29Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Bringing the Ark to Jerusalem

  • David recognized that the previous attempt had failed because they had not followed the proper order prescribed by God. This time, he assembled the Levites to consecrate themselves and carry the ark of God on their shoulders with poles, exactly as Moses had commanded.Sources: the Bible text itself
  • The procession featured a carefully organized Levitical orchestra and choir. Musicians played bronze cymbals, lyres tuned according to Sheminith, and harps according to Alamoth, while appointed priests sounded trumpets before the ark.Sources: the Bible text itself · Zechariah · Benaiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • City of David · 31.774, 35.236 · verses 1, 29
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 3, 14, 25

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.