1 Chronicles 11
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou. 2Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
3Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
4Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la. 5Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la). 6Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf. 7Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la. 8Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la. 9David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
10Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
11Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou. 12Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo. 13Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo. 14Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
15Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 16Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem. 17David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
18Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a. 19Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danje lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
20Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo. 21Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
22Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe. 23Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a. 24Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo. 25Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
26Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem, 27Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la, 28Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la. 29Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la, 30Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la, 31Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon. 32Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba. 33Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan, 34Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la. 35Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a, 36Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan, 37Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a. 38Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a, 39Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a. 40Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la, 41Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a. 42Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo. 43Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan, 44Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la, 45Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la, 46Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la, 47Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.
Did you know?
David's Coronation and Mighty Men
- Before David captured it, Jerusalem was known as Jebus, a fortified Canaanite settlement on Mount Zion that its inhabitants believed to be impenetrable. David promised that whoever led the assault on the city would become commander-in-chief, a post won by his nephew Joab.Sources: Jebus · Joab · the Bible text itself
- When David expressed a longing for water from the well at the gate of Bethlehem, three of his elite warriors broke through the Philistine camp to fetch it. Refusing to drink water obtained at the risk of their lives, David poured it out onto the ground as an offering to God.Sources: Bethlehem · Jashobeam · Eleazar · the Bible text itself
- Benaiah son of Jehoiada was renowned for extraordinary single combats, including killing a lion inside a pit on a snowy day and overpowering a massive Egyptian warrior with only a club. David appointed him as commander over his royal bodyguard.Sources: Benaiah · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 1, 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 4, 8
- City of David · 31.774, 35.236 · verses 5, 7
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5
- Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 15
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 16, 17, 18, 26
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 22, 46
- Tekoa · Today: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · verse 28
- Arabah · 30.417, 35.151 · verse 32
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 39
- Jattir · Today: Khirbet Attir · 31.352, 35.016 · verse 40
- Zobah · 33.935, 36.151 · verse 47
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org