Song of Songs 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pandan plizyè nwit, m' kouche sou kabann mwen, m' chache moun mwen renmen anpil la. M' chache l', mwen pa jwenn li. 2Apre sa, mwen leve, mwen pran mache nan tout lavil la, m' chache moun mwen renmen an nan tout lari, sou tout laplas yo. M' chache l', mwen pa jwenn li. 3Gad k'ap mache fè patwouy nan lavil la kontre avè m'. Mwen mande yo: Souple! Nou pa wè nèg mwen renmen an pou mwen? 4Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an. 5Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m' sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo. Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san li pa vle. 6Kisa k'ap vini sot nan dezè a? L'ap vini nan mitan de poto lafimen. Lè a gen sant lansan, li gen sant mant, li gen sant tout kalite poud santi bon machann vann. 7Gade! Se yon kabann divan y'ap pote pou Salomon. Gen swasant sòlda k'ap eskòte l', swasant nan pi vanyan sòlda peyi Izrayèl la. 8Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit. 9Wa Salomon fè fè yon bèl divan sou branka pou li ak pi bon bwa peyi Liban, 10Poto kwen yo fèt an ajan. Tèt divan an kouvri an lò. Matla a kouvri ak bèl twal wouj, tout anndan an bwode. Se medam lavil Jerizalèm yo ki fè l' pou li ak tout kè yo. 11Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.

Did you know?
A Royal Procession and the Search for Love
- The poem describes a royal carriage constructed for King Solomon using timber from the mountain forests of Lebanon, embellished with silver posts, a gold base, and purple fabric. It travels from the wilderness accompanied by columns of scented smoke and an escort of sixty armed warriors prepared for the terrors of the night.Sources: the Bible text itself · Lebanon
- The speaker repeatedly invokes the 'daughters of Jerusalem' and 'daughters of Zion,' referencing the ancient hilltop citadel and city associated with David and Solomon where the royal wedding celebration takes place.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Zion
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 5, 10
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 9
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 11
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org