Song of Songs 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad. 2Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen apre yo fin koupe lenn sou do yo. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo. 3Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a. 4Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj. 5Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè. 6M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve. 7Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo! 8Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba. 9Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m' yon fwa, ou fè m' pèdi lòlòj mwen. M' annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m' pèdi tèt mwen. 10Ala dous karès ou yo dous, sò mwen, bèl nègès mwen! Karès ou yo pi dous pase siwo myèl. Sant kò ou pi bon pase tout kalite fèy santi bon. 11Bouch ou gen gou siwo myèl, bèl nègès mwen! Anba lang ou menm, se lèt ak siwo myèl. Rad sou ou gen menm sant ak rakbwa mòn Liban an. 12Sò mwen, bèl nègès mwen, ou tankou yon jaden kache, yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, yon fontenn yo sele. 13Ou tankou yon jaden fre kote pye grenad ap grandi. Y'ap bay bèl grenad byen dous. Ou tankou yon jaden kote yo jwenn jasmen ak ti bonm, 14tibonm ak safran, sitwonèl ak kannèl ak tout kalite pyebwa ki bay lansan, lami ak lalwa, ansanm ak tout kalite plant ki gen bon sant. 15Fontenn jaden mwen an, se yon sous dlo k'ap koule desann byen fre soti nan mòn Liban an. 16Van nòde, leve non! Van swèt, kouri vini soufle sou jaden mwen an! Plen lè a ak bon sant. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje nan pi bon fwi yo!

Did you know?
The Bride's Beauty and the Garden of Spices
- The poem calls the bride down from the dramatic northern mountain ranges of Lebanon, including Amana, Senir, and Mount Hermon. Mount Hermon is the highest peak in the Anti-Lebanon range, and biblical sources note that Senir was the Amorite name for Hermon.Sources: the Bible text itself · Hermon · Senir · Lebanon
- The beloved's hair is compared to a flock of goats descending Mount Gilead, a fertile and mountainous region located east of the Jordan River.Sources: the Bible text itself · Gilead
- The bride is portrayed as an enclosed garden, a sealed fountain, and an orchard laden with precious spices such as nard, saffron, cinnamon, and frankincense, evoking exclusivity, refreshment, and fragrance.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 1
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verses 8, 11, 15
- Mount Hermon · 33.400, 35.850 · verse 8
- Senir · Today: Mount Hermon · 33.400, 35.850 · verse 8
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org