Revelation 13
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap soti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye. 2Bèt mwen te wè a te sanble ak yon gwo chat tou jòn ak tach nwa sou tout kò li. pa t' li yo te plat tankou pa t' yon lous, bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li, li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a. 3Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la. 4Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li? 5Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa. 6Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan sièl la. 7Yo ba l' pouvwa pou l' fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l' te genyen batay la. Yo ba l' pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. 8Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a. 9Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande! 10Moun ki la pou al nan prizon pral nan prizon. Moun ki la pou mouri anba kout nepe pral mouri anba kout nepe. Se poutèt sa, se pou moun Bondye yo gen anpil pasians ak konfians nan Bondye. 11Apre sa, mwen wè yon lòt bèt ki soti anba tè a. Li te gen de kòn tankou kòn mouton, li t'ap pale tankou yon dragon. 12Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a. 13Dezyèm bèt la t'ap fè anpil gwo mirak, li fè dife soti nan sièl la desann sou latè devan tout moun. 14Moun ki rete sou latè yo te pèdi tèt yo lè yo wè mirak yo te ba l' dwa fè devan je premie bèt la. Li mande yo pou yo fè yon estati bèt ki te blese amò ak kout nepe a men ki te byen vivan an. 15Dezyèm bèt la resevwa pouvwa pou l' te fè estati premie bèt la tounen vivan. Konsa, estati a ka pale, li ka touye moun ki pa adore li. 16Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. 17Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. 18Bagay sa a mande anpil bon konprann. Moun ki gen konprann ka resoud pwoblèm nimewo bèt la. Nimewo sa a se non yon moun li ye. Men nimewo a: sisanswasannsis (666).
Did you know?
Two Beasts, Worship, and the Number 666
- The first beast rises out of the sea with seven heads and ten horns, with ten royal crowns on the horns and blasphemous names on the heads. It is like a leopard, with the feet of a bear and the mouth of a lion, and the dragon gives it his power, his throne, and great authority.Sources: the Bible text itself
- One of the heads appears to be mortally wounded, but the mortal wound is healed, and the whole world marvels and follows the beast. People worship the dragon who gave the beast its authority, and they worship the beast; it is allowed to speak arrogant blasphemies and to act for forty-two months, to wage war against the saints and conquer them, and to hold authority over every tribe, people, tongue, and nation.Sources: the Bible text itself
- A second beast rises from the earth with two horns like a lamb, but it speaks like a dragon and exercises all the authority of the first beast. Through great signs, even fire coming down from heaven, it deceives earth's inhabitants into making an image of the beast that was wounded by the sword and yet lived, and it requires all people, small and great, rich and poor, free and slave, to receive a mark on the right hand or the forehead so that no one can buy or sell without it. The chapter calls for wisdom to calculate the beast's number, the number of a man: 666.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org