Revelation 14
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo. 2Mwen tande yon vwa ki soti nan sièl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loraj. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. 3Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pesonn pa t' kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè. 4Moun sa yo, se moun ki pa t' fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l' pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premie moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an. 5Manti pa t' janm soti nan bouch yo, yo san repwòch. 6Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li te gen yon bon nouvèl pou l' te bay tout moun ki rete sou latè, bon nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi. 7Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Gen krentif pou Bondye, fè lwanj li! Paske lè a rive, l'ap vin jije lèzòm. Adore moun ki fè sièl la, tè a, lanmè a ak tout sous dlo yo. 8Yon dezyèm zanj t'ap swiv premie a, li t'ap di: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Li te fè moun tout nasyon yo bwè nan diven l' lan ki fò anpil, li fè yo bwè diven gwo imoralite li a. 9Yon twazièm zanj t'ap swiv de premie yo. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Moun ki adore bèt la ansanm ak estati li a, moun ki resevwa mak bèt la sou fwon yo osinon sou men yo, 10moun sa yo va bwè diven Bondye a tou, diven kòlè Bondye a, diven san melanj Bondye vide nan gode kòlè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan zanj Bondye yo ak ti Mouton an. 11Lafimen dife k'ap fè yo soufri a ap moute tout tan san rete. Moun ki adore bèt la ak estati li a, ansanm ak tout moun ki resevwa mak non li a, yo yonn p'ap gen repo lajounen kou lannwit. 12Se poutèt sa, se pou pèp Bondye a, moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, moun k'ap kenbe konfians yo fèm nan Jezi a gen anpil pasians. 13Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo. 14Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nwaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nwaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. 15Yon lòt zanj soti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nwaj la. Li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. 16Lè sa a, moun ki te chita anwo nwaj la pase kouto digo l' la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè. 17Yon lòt zanj soti nan tanp ki nan sièl la. Li menm tou li te gen yon kouto digo byen file nan men l'. 18Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi. 19Lè sa a, zanj lan pase kouto digo l' la sou latè, li koupe tout grap rezen ki sou latè a, li jete yo nan moulen rezen an kote kòlè Bondye a ap kraze yo. 20Yo kraze tout rezen yo nan moulen andeyò lavil la. San t'ap koule soti nan moulen an tankou dlo larivyè, li kouvri yon distans twasan (300) kilomèt konsa, li moute, li rive wotè bouch chwal yo.

Did you know?
The Lamb on Zion, Babylon's fall, and the harvest
- In this vision the Lamb stands on Mount Zion with 144,000 who have his name and his Father's name written on their foreheads. Mount Zion was the south-eastern hill of Jerusalem, one of the heights on which the city was built; it rose 105 feet above Mount Moriah and was surrounded by deep valleys on every side except the north. David took it from the Jebusites, built a citadel and a palace there, and it became known as the city of David.Sources: the Bible text itself · Mount Zion
- A second angel announces that Babylon the great has fallen, the one who made all the nations drink the wine of the passion of her immorality. Babylon is the Greek form of Babel; the Semitic name Babilu means “The Gate of God,” and in the Assyrian tablets it means “The city of the dispersion of the tribes.” The city stood on the Euphrates, about 200 miles above that river's junction with the Tigris.Sources: the Bible text itself · Babylon
- The chapter closes with two harvests. One like the Son of Man, with a golden crown and seated on a white cloud, swings a sharp sickle because the crop of the earth is ripe. Another angel gathers the ripe grapes from the vine of the earth and throws them into the great winepress of God's wrath, trodden outside the city.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org