Nations Bible

Revelation 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li. 2Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele. 3Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo. 4Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt. 5Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la. 6Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou. 7Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl. 8Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo. 9Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. 10Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la. 11Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò. 12Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò. 13Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an. 14Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa. 15Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l' ale. 16Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap soti nan bouch dragon an. 17(17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Did you know?

The Woman, the Dragon, and War in Heaven

  • In this chapter the huge red dragon is named outright as the ancient serpent called the devil and Satan, the deceiver of the whole world. Easton's Bible Dictionary (1897) explains that Satan means adversary or accuser, and that in the New Testament the name is used interchangeably with devil. A voice in heaven then calls him the accuser of our brothers, who accuses them day and night before God.Sources: the Bible text itself · Satan
  • Michael and his angels fight the dragon in this chapter. Easton's Bible Dictionary (1897) calls Michael one of the chief angels and says he had special charge of Israel as a nation. The same entry links him with the old serpent called the devil and Satan, who deceives the whole world, citing Revelation 12:7-9.Sources: the Bible text itself · Michael
  • Easton's Bible Dictionary (1897) lists the dragon and the old serpent among Satan's titles, citing Revelation 12:9. The chapter itself moves between those images: after the dragon is hurled down, the woman is given two wings of a great eagle to flee the serpent, and water like a river pours from the serpent's mouth to sweep her away.Sources: Satan · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.