Revelation 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. 2Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa. 3M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou. 4De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. 5Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. 6Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li. 7Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo. 8Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip. 9Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi (1/2) jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. 10Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè. 11Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. 13Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la. 14Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa. 15Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. 16Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. 17Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. 18Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! 19Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.

Did you know?
The Two Witnesses and the Great City
- Revelation 11 says that the bodies of the two witnesses will lie in the street of the great city, figuratively called Sodom and Egypt, where their Lord was also crucified. A dictionary entry explains Sodom as Burning, or the walled, a city destroyed by fire from heaven because of its inhabitants' wickedness, a destruction that Scripture frequently recalls. Egypt, the land of the Nile and the pyramids, is likewise described as holding great significance in Scripture.Sources: the Bible text itself
- The two witnesses are empowered to prophesy for 1,260 days, clothed in sackcloth. They are the two olive trees and the two lampstands that stand before the Lord of the earth, and they have power to shut the sky so that no rain falls, to turn the waters into blood, and to strike the earth with every kind of plague.Sources: the Bible text itself
- When the two witnesses finish their testimony, the beast that comes up from the Abyss overpowers and kills them. For three and a half days, peoples, tribes, tongues, and nations view their bodies and will not permit them to be laid in a tomb, while the earth's inhabitants gloat over them, celebrate, and send one another gifts, because the two prophets had tormented them. After that, the breath of life from God enters them; they stand on their feet and go up to heaven in a cloud as their enemies watch.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org