Psalms 93
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'. 2Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan. 3Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri. 4Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri. 5Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
Did you know?
The Majestic Reign and the Raging Seas
- Psalm 93 uses vivid royal imagery, depicting the Lord clothed in majesty and strength with an eternal throne, holding the created world firmly in place.Sources: the Bible text itself
- The psalm contrasts the threatening roar of rising floods and pounding ocean waves with the greater might and majesty of the Lord on high.Sources: the Bible text itself
- The text concludes by linking the Lord's cosmic rule to the enduring reliability of his testimonies and the holiness that marks his house.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org