Psalms 94
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. 2Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite! 3Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann? 4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè? 5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo. 6Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a. 7Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa! 8Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann? 9Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè? 10Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen? 11Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen. 12Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou, 13pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an. 14Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo. 15Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa. 16Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo? 17Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri. 18Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè. 19Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan. 20Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa? 21Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò. 22Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon. 23L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.
Did you know?
Psalm 94: A Cry Against Injustice and Corrupt Power
- The psalm highlights the plight of the widow, the foreigner, and the fatherless, who are targeted by the wicked. These three groups represent the most vulnerable members of ancient Israelite society, who lacked social and legal power to defend themselves.Sources: the Bible text itself
- To counter the arrogant claim that God is blind to wickedness, the psalmist appeals to creation. The argument reasons that the Creator who fashioned human ears and eyes cannot Himself lack the ability to hear, see, and judge human conduct.Sources: the Bible text itself
- The psalm confronts systemic injustice by condemning a corrupt throne that devises misery by legal decree. This refers to corrupt judges and rulers who exploited legal mechanisms and court authority to condemn innocent people to death.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org