Psalms 92
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(092:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (092:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. 2(092:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 3(092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou. 4(092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè. 5(092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! 6(092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. 7(092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt. 8(092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan. 9(092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo. 10(092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan. 11(092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele. 12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. 13(092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. 14(092:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. 15(092:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.

Did you know?
A Sabbath Song of Praise
- Psalm 92 is specifically designated in its opening heading as a song for the Sabbath day. It describes praising God both in the morning and at night, accompanied by musical instruments like the ten-stringed harp and the lyre.Sources: the Bible text itself
- The psalm contrasts evildoers, who sprout quickly like grass only to be destroyed, with the righteous. The faithful are likened to enduring palm trees and tall cedars from the prominent mountain range of Lebanon, remaining green and bearing fruit into old age.Sources: the Bible text itself · Lebanon
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org