Nations Bible

Psalms 91

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a 2ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. 3Se li menm ki p'ap kite ou pran nan pèlen, ki p'ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou. 4L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou. 5Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen. 6Ou pa bezwen pè move maladi k'ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k'ap touye moun gwo midi. 7Mil (01.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (010.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou. 8W'ap rete konsa, w'ap gade, w'a wè jan y'ap bay mechan yo sa yo merite. 9Paske ou pran Seyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, 10okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kot kay ou. 11Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. 12Y'ap pote ou nan men yo. pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. 13W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. 14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. 15Lè l' rele m', m'ap reponn li. Lè l' nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l', m'ap fè yo respekte l'. 16M'ap fè l' viv lontan, m'a fè l' wè jan m'ap delivre l'.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Divine Protection and Refuge

  • The psalm combines diverse imagery to illustrate safety in God, depicting Him both as an architectural stronghold—such as a fortress, shelter, and rampart—and tenderly as a bird covering the faithful under its protective feathers and wings.Sources: the Bible text itself
  • The text lists perils spanning all times and types of danger, contrasting nighttime terrors and stealthy pestilence with daylight arrows, midday destruction, and wild predators such as lions and cobras.Sources: the Bible text itself
  • The psalm transitions in its closing verses from a believer's testimony and priestly assurance to direct divine speech, in which God Himself promises rescue, honor, and long life to those who love and know His name.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.