Nations Bible

Psalms 90

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. 2Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye. 3Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò. 4Milan (01.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit. 5Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten. 6Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche. 7Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase. 8Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou. 9Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini. 10Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou. 11Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move? 12Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay. 13Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo. 14Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan. 15Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè. 16Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. 17Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Prayer on Mortality and God's Eternity

  • The superscription identifies this text as a prayer of Moses, describing him as the man of God. It is the only psalm in the biblical collection traditionally attributed to him.Sources: the Bible text itself · Moses
  • The psalm contrasts divine eternity with the fragility of human existence, comparing a thousand years in God's sight to a single passing day or a night watch, and human life to grass that springs up in the morning and withers by evening.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.