Nations Bible

Psalms 86

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. 2Pa kite m' mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m' fè. Bondye mwen, delivre m' non, paske se ou menm m'ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen. 3Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m'ap kriye nan pye ou! 4Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m'ap lapriyè! 5Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. 6Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè! Tande m' non lè m'ap rele mande sekou! 7Lè m' nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen. 8Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè! 9Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou, 10paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye. 11Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m' jan pou m' sèvi ou avèk krentif. 12Seyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m', mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa! 13Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a. 14Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye! 15Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou! 16Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. 17Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Plea for Mercy and an Undivided Heart

  • The psalmist appeals directly to God's character during personal distress, describing the Lord as compassionate, gracious, slow to anger, and abounding in faithful love while facing a band of ruthless enemies.Sources: the Bible text itself
  • Although the psalm is a personal petition for help and deliverance from death, it looks beyond the individual to envision all nations coming to bow down and glorify the one true God.Sources: the Bible text itself
  • The prayer includes a request for an undivided heart, asking God to provide spiritual instruction so that the worshiper may walk faithfully in divine truth.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.