Psalms 85
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(085:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (085:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen! 2(085:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. 3(085:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo! 4(085:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò! 5(085:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò? 6(085:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? 7(085:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non! 8(085:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. 9(085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo. 10(085:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò! 11(085:12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri. 12(085:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. 13(085:14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.

Did you know?
A Plea for Restoration and Peace
- The superscription attributes this composition to the sons of Korah, descendants of the Levite who led a rebellion against Moses and Aaron in the wilderness.Sources: the Bible text itself · Korah (Levite)
- The psalm recalls how God restored Jacob from captivity and pardoned the people's sins, using the ancestral name of Isaac's son Jacob to refer to the nation.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)
- In a celebrated poetic imagery, the psalmist personifies divine qualities, describing loving devotion and faithfulness meeting together, and righteousness and peace kissing as the land yields its increase.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org