Psalms 84
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(084:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (084:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! 2(084:3) Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an. 3(084:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! 4(084:5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou. 5(084:6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! 6(084:7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl. 7(084:8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an. 8(084:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'. 9(084:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an! 10(084:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo. 11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay. 12(084:13) Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!

Did you know?
Longing for the House of God
- The "Valley of Baca" mentioned in verse 6 translates literally or figuratively as a "valley of weeping" or balsam trees. It likely describes an arid valley through which pilgrims traveled on their journey toward the sanctuary in Jerusalem.Sources: Valley of Baca · the Bible text itself
- Mount Zion was a prominent hill of Jerusalem surrounded by deep valleys, where the city of David and the sanctuary were established. The psalm celebrates pilgrims traveling from strength to strength until they appear before God on Zion.Sources: Zion · the Bible text itself
- The psalmist vividly expresses longing for the temple, noting how even small birds like sparrows and swallows find nesting places near the altars. Standing at the threshold or serving as a doorkeeper in God's house is considered far better than dwelling among the wicked.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org