Nations Bible

Psalms 66

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! 2Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! 3Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou. 4Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè. 5Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li. 6Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè! 7Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo? 8Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li! 9Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise. 10Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. 11Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. 12Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. 13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. 14M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la. 15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. 16vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. 17Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. 18Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. 19Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. 20Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Praise for Deliverance and Fulfilled Vows

  • Psalm 66 transitions from corporate praise celebrating Israel's historical deliverance, such as passing through the sea on dry land, to a personal testimony of answered prayer and gratitude.Sources: the Bible text itself
  • The psalm uses the imagery of refining silver alongside experiences of nets, heavy burdens, fire, and water to describe how testing ultimately led the community into a place of abundance.Sources: the Bible text itself
  • In ancient Israelite worship, individuals frequently made solemn vows to God during times of distress, promising specific animal sacrifices, such as rams, bulls, and goats, once deliverance was granted.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.