Nations Bible

Psalms 65

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(065:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (065:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a. 2(065:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou, 3(065:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo. 4(065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a. 5(065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou. 6(065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa. 7(065:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move. 8(065:9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan. 9(065:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a: 10(065:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen. 11(065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite! 12(065:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan. 13(065:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Praise for God's Care and Harvest

  • The psalm opens with praise in Zion, the southeastern hill of Jerusalem captured by King David. It became the site of his citadel and palace, as well as a central poetic designation for the place of God's temple and presence.Sources: Zion · the Bible text itself
  • The latter portion of the psalm celebrates divine provision through seasonal rainfall. It vividly depicts agrarian life, describing how gentle showers soften plowed furrows and ridges to produce abundant grain, thriving pastures, and flourishing livestock.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.