Psalms 67
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(067:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. (067:2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou, 2(067:3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm. 3(067:4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 4(067:5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè. 5(067:6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 6(067:7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou. 7(067:8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.
Did you know?
A Song of Universal Praise and Harvest
- The superscription designates the psalm as a song for the choirmaster to be accompanied by stringed instruments, and it incorporates the term Selah at the end of verses 1 and 4.Sources: the Bible text itself
- The psalm features a repeated refrain calling for all peoples to praise God, highlighting divine justice and guidance over all nations on earth.Sources: the Bible text itself
- The text links agricultural abundance to divine blessing, noting that the earth has produced its harvest so that reverence for God may extend to the ends of the earth.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org