Nations Bible

Psalms 60

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(060:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (060:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (012.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (060:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò! 2(060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt. 3(060:5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire. 4(060:6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache. 5(060:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 6(060:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 7(060:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye. 8(060:10) Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li. 9(060:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 10(060:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? 11(060:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. 12(060:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

Did you know?

A Plea for Victory and Divine Sovereignty

  • The psalm's historical heading frames this prayer around King David's military campaigns against northern Aramean kingdoms and Joab's battle against Edom in the Valley of Salt.Sources: the Bible text itself · Edom
  • When the psalm depicts God declaring sovereignty over the land, it names key locations on both sides of the Jordan River: Shechem in the central hills between Mount Ebal and Gerizim, the Valley of Succoth to the east near the Jabbok, and the mountainous territory of Gilead.Sources: the Bible text itself · Shechem · Valley of Succoth · Gilead
  • The text uses striking everyday imagery to portray dominion over neighboring rivals, describing Moab as a washbasin, throwing a sandal over Edom, and crying out in triumph over Philistia.Sources: the Bible text itself · Moab · Edom · Philistia

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Aram-naharaim · 36.864, 39.033 · verse 1
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 1, 8, 9
  • Zobah · 33.935, 36.151 · verse 1
  • Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verse 6
  • Valley of Succoth · 32.197, 35.621 · verse 6
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 7
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 8
  • Philistia · 31.664, 34.546 · verse 8

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.