Psalms 61
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(061:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (061:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! 2(061:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. 3(061:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo. 4(061:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou. 5(061:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan. 6(061:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò. 7(061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'. 8(061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

Did you know?
A Prayer for Refuge and the King
- The psalm opens with musical instructions directing it to the choirmaster to be performed with stringed instruments, and the superscription attributes the composition to David.Sources: the Bible text itself
- The psalmist uses vivid imagery of divine security, describing God as a high rock, a strong tower against adversaries, a sacred tent, and protective sheltering wings.Sources: the Bible text itself
- In the latter half of the psalm, the speaker's plea expands to include a prayer for the king's prolonged life, asking that his reign endure through generations in God's presence.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org