Nations Bible

Psalms 59

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(059:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. (059:2) Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen! 2(059:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo! 3(059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè. 4(059:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo! 5(059:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou! 6(059:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen. 7(059:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou! 8(059:9) Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. 9(059:10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. 10(059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal. 11(059:12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. 12(059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo. 13(059:14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè. 14(059:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la. 15(059:16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo. 16(059:17) Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. 17(059:18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Song of Deliverance from Ambush

  • The superscription links this psalm to the event when King Saul sent armed men to keep watch over David's house in order to kill him, a time when David maintained his innocence of any rebellion.Sources: the Bible text itself
  • The psalm repeatedly compares the ambushers to packs of wild, snarling dogs that prowl through city streets at dusk scavenging for food, vividly illustrating the hostility and menace surrounding the author.Sources: the Bible text itself
  • The psalm is designated as a Miktam and set to the musical tune 'Do Not Destroy,' directed to the choirmaster for liturgical use.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.