Nations Bible

Psalms 58

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri? 2(058:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a. 3(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt. 4(058:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik, 5(058:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa. 6(058:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè! 7(058:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen. 8(058:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri. 9(058:10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan. 10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo. 11(058:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Psalm 58: Judgment on Corrupt Judges

  • The psalm is designated in its title as a 'Miktam of David,' set to the tune of 'Do Not Destroy,' and opens by confronting corrupt rulers who orchestrate injustice in their hearts and mete out violence.Sources: the Bible text itself
  • The author illustrates the stubbornness and fleeting nature of the wicked through vivid natural metaphors, comparing them to a deaf cobra that ignores the snake charmer, a slug melting in its trail, and pots swept away before burning thorns can heat them.Sources: the Bible text itself
  • The psalm concludes with the assurance that divine judgment against the unjust brings vindication to the righteous, proving to humanity that there is truly a God who judges the earth.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.