Psalms 52
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(052:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (052:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (052:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje. 2(052:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun. 3(052:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite. 4(052:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè! 5(052:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo. 6(052:8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di: 7(052:9-)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal. 8(052:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen. 9(052:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
Did you know?
Psalm 52: Trust in God Versus Pride in Evil
- The superscription links this psalm to an account involving Doeg the Edomite, who reported to King Saul that David had gone to the house of the priest Ahimelech.Sources: the Bible text itself
- The psalm contrasts the fate of the deceitful person, whom God will uproot from the land of the living, with the speaker, who describes himself as a flourishing green olive tree in the house of God.Sources: the Bible text itself
- Designated as a Maskil for the choirmaster, the psalm includes the reflective pause Selah twice, marking shifts in the poem.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org