Psalms 53
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(053:1) Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. (053:2) Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen. 2(053:3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'. 3(053:4) Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo. 4(053:5) Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen. 5(053:6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo. 6(053:7) Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Did you know?
A Reflection on Folly and Deliverance
- The psalm depicts God observing humanity from heaven to see if any seek Him, observing that all have turned aside and become corrupt.Sources: the Bible text itself
- The closing verse calls for salvation to come from Zion, the south-eastern hill of Jerusalem where David established his citadel and palace after capturing it from the Jebusites.Sources: the Bible text itself · Zion
- The poem concludes by pairing the names Jacob and Israel in a call for rejoicing, recalling the patriarch Jacob, the son of Isaac, who also bore the name Israel.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 6
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org