Psalms 51
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(051:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (051:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (051:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. 2(051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. 3(051:5) Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. 4(051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. 5(051:7) Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'. 6(051:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non! 7(051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton. 8(051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò. 9(051:11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. 10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. 11(051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. 12(051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan. 13(051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. 14(051:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. 15(051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou. 16(051:18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. 17(051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. 18(051:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. 19(051:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.

Did you know?
A Psalm of Repentance
- The psalm's introductory heading connects this prayer to the confrontation between the prophet Nathan and King David after David's adultery with Bathsheba, pleading for mercy and deliverance from bloodguilt.Sources: the Bible text itself
- The prayer uses the imagery of purification with hyssop and washing to describe spiritual cleansing, stating that God values a broken spirit and a contrite heart rather than mere animal sacrifices.Sources: the Bible text itself
- The psalm concludes with a petition for God to bless Zion and build the walls of Jerusalem, anticipating the restoration of righteous sacrifices and burnt offerings upon the altar.Sources: the Bible text itself · Zion · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org