Nations Bible

Psalms 48

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. 2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. 3(048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. 4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. 5(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. 6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, 7(048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. 8(048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. 9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. 10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. 11(048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. 12(048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. 13(048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen 14(048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Zion, the City of the Great King

  • Mount Zion, originally the fortified southeastern hill of Jerusalem captured by David from the Jebusites, became known as the City of David and the site of his citadel. In Psalm 48, it is celebrated as God's holy mountain, elevated and fortified against advancing enemy kings.Sources: the Bible text itself · Mount Zion · Zion
  • The psalm depicts God's power shattering enemy forces like an east wind wrecking the ships of Tarshish. Many scholars identify Tarshish with a distant Phoenician trading port in southwestern Spain, while other ancient traditions proposed locations such as Carthage or ports in the east.Sources: the Bible text itself · Tarshish
  • Worshippers are invited to walk around the perimeter of Zion to inspect its ramparts, count its towers, and view its citadels. This survey of the city's defenses was meant to be recounted to future generations as a witness of God's steadfast protection.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · verses 2, 11
  • Zaphon · Today: Jebel Aqra · 35.953, 35.969 · verse 2
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 3
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 12

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.