Nations Bible

Psalms 47

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan! 2(047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè. 3(047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou. 4(047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo. 5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan. 6(047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li! 7(047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li! 8(047:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a. 9(047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.

Did you know?

A Hymn to the Universal King

  • Psalm 47, designated for the choirmaster by the sons of Korah, is a celebratory hymn that calls on all nations to clap their hands, shout in triumph, and blow the horn in honor of God's universal rule over the earth.Sources: the Bible text itself
  • The psalm connects Israel's land and inheritance to the patriarch Jacob, whom God loved, while also envisioning rulers of foreign nations assembling together as the people of the God of Abraham.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel) · Abraham

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.