Psalms 49
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(049:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (049:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè, 2(049:3) gran kou piti, rich kou pòv. 3(049:4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans. 4(049:5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik. 5(049:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo? 6(049:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, 7(049:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. 8(049:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt. 9(049:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè? 10(049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun. 11(049:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo. 12(049:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. 13(049:14) Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou. 14(049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete. 15(049:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. 16(049:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. 17(049:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè. 18(049:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen, 19(049:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. 20(049:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Did you know?
The Limits of Wealth and Wisdom
- Unlike many psalms directed to God in prayer or praise, Psalm 49 opens as an address of universal wisdom to all people, rich and poor alike, setting a riddle and proverb to the music of the harp.Sources: the Bible text itself
- The psalm meditates on the limits of material wealth, explaining that no amount of riches can pay a ransom to God to prevent death or bodily decay.Sources: the Bible text itself
- The heading attributes this composition to the sons of Korah, descendants of the Levite who had challenged Moses during the wilderness wandering, who served in Israel's musical tradition.Sources: the Bible text itself · Korah (Levite)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org