Psalms 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(03:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (03:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil! 2(03:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'! 3(03:4) Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo. 4(03:5) Mwen rele Seyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. 5(03:6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Seyè a ap soutni mwen. 6(03:7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou. 7(03:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. 8(03:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.

Did you know?
A Morning Prayer in Exile
- The psalm is traditionally framed by David's flight from his son Absalom, a crisis during which many claimed that God would no longer deliver the king.Sources: the Bible text itself
- Despite being surrounded by thousands of adversaries, the speaker expresses profound peace, noting that he can lie down, sleep, and wake safely because the Lord sustains him.Sources: the Bible text itself
- The ancient Hebrew marker Selah appears three times in this short composition, pausing the text after moments of acute distress, answered prayer, and the final blessing.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org