Psalms 2
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen? 2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a. 3Y'ap plede di: -Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete! 4Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt. 5Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase. 6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an. 7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou. 8Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou. 9W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. 10Koulye a, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute. 11Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou, 12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Did you know?
The Anointed King on Mount Zion
- Mount Zion, identified in the psalm as God's holy mountain, was one of the hills of Jerusalem. Originally captured by David from the Jebusites, it became known as the city of David, housing his citadel and palace.Sources: Zion · the Bible text itself
- The psalm portrays an assembly of earthly rulers rebelling against the LORD and His Anointed One. In response, God affirms the installation of His royal ruler, proclaiming the decree that establishes the king's divine sonship and authority over the nations.Sources: the Bible text itself
- The poem employs striking royal imagery of judgment and victory, depicting the anointed king subduing rebellious nations with an iron scepter and shattering opposition like fragile clay pottery.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 6
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org