Psalms 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(04:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (04:2) Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen. 2(04:3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre! 3(04:4) Pa bliye, se Seyè a ki chwazi m' pou moun pa li. Seyè a tande m' lè mwen rele l'. 4(04:5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n' sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou. 5(04:6) Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li! 6(04:7) Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou! 7(04:8) Kontantman ou mete nan kè m' pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason. 8(04:9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m' kouche, dòmi pran m'. Seyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m'.
Did you know?
An Evening Prayer of Trust
- The superscription designates the text as a psalm of David directed to the choirmaster, to be performed with stringed instruments.Sources: the Bible text itself
- The psalmist compares inner joy from God to agricultural abundance, noting that it brings greater gladness than seasons when grain and new wine abound.Sources: the Bible text itself
- The psalm emphasizes nocturnal reflection and peace, instructing the reader to search their heart quietly on their bed and concluding with the assurance of resting in safety.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org