Psalms 144
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay. 2Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen. 3Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo? 4Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase. 5Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen. 6Voye flèch ou yo. Fè lènmi m' yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè. 7Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. 8Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè. 9M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou. 10Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la. 11Delivre m' anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m', delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè. 12Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan. 13Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit. 14Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo. 15Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!

Did you know?
A King's Prayer for Deliverance and Prosperity
- The psalm is attributed to David, who combines prayers for military deliverance with musical praise, promising to sing a new song to God accompanied by a ten-stringed harp.Sources: David · the Bible text itself
- The text reflects on human fragility, describing man as a mere breath and human life as a passing shadow in contrast to divine majesty and power.Sources: the Bible text itself
- The concluding section envisions communal security and agricultural abundance, praying for thriving children, full storehouses, multiplying flocks, and cities with unbroken walls free from siege or captivity.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org