Nations Bible

Psalms 145

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. 2Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. 3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! 4Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. 5M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. 6Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. 7Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri. 8Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! 9Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. 10Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! 11Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, 12pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. 13Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. 14L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. 15Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. 16Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. 17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. 18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. 19L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. 20L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. 21M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Song of Praise for an Everlasting Kingdom

  • Psalm 145 is titled as a psalm of praise attributed to David, focusing on the duty of each generation to proclaim God's mighty acts and majestic splendor to the next.Sources: the Bible text itself
  • The psalm highlights God's universal care for creation, describing how all living creatures look to Him for sustenance while He upholds those who stumble and remains near to everyone who calls on Him in truth.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.