Psalms 143
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon sòm David. Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri. 2Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou. 3Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan. 4Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil. 5Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò. 6Mwen louvri bra m' devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli. 7Seyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a. 8Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an. 9Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo. 10Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa. 11Seyè, poutèt non ou pote a, ban m' lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m' nan tray kote m' ye a. 12Ou renmen m' anpil. Fè tout lènmi m' yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m' yo, paske se sèvitè ou mwen ye.

Did you know?
A Plea for Mercy, Guidance, and Deliverance
- The psalmist explicitly asks God not to bring him into judgment, observing that no living person is righteous before God.Sources: the Bible text itself
- To express deep spiritual exhaustion and longing for God, the writer uses the physical imagery of stretching out hands like parched, dry land thirsting for water.Sources: the Bible text itself
- Alongside appeals for rescue from pursuing enemies, the psalm focuses on moral guidance, asking God to teach His will and let His good Spirit lead on level ground.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org