Jonah 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, 2li di l' konsa: -Leve non! Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Fè yo konnen mesaj mwen te ba ou pou yo a. 3Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la. 4Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt. 5Moun lavil yo te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, malere kou grannèg, rete san manje, pou yo mete rad sak sou yo pou moutre jan yo nan lapenn pou tout mal yo te fè. 6Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife. 7Li voye fè yon piblikasyon nan tout lavil la. Li di konsa: -Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: Pesonn pa pou manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton, tout pou rete san manje san bwè. 8Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo. 9Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. 10Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo te soti pou yo chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li tapral pini yo a.

Did you know?
Jonah's Mission to Nineveh
- Nineveh was the flourishing capital of the ancient Assyrian Empire. The biblical text portrays it as an exceedingly large city, describing it as taking a three-day journey to cross.Sources: Nineveh · the Bible text itself
- Jonah is notable among the prophets of Israel for being sent as a missionary beyond his own nation to preach in a distant, non-Israelite city.Sources: Jonah · the Bible text itself
- The royal proclamation of mourning in Nineveh extended beyond the human population to include livestock, requiring both people and beasts to fast and be covered in sackcloth.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org