Nations Bible

Jonah 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: 2Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen. 3Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen. 4Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò! 5Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen. 6Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò. 7Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'. 8Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a. 9Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou. 10Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Jonah's Prayer and Deliverance

  • Jonah's prayer uses ancient poetic imagery to describe his near-death experience, portraying the watery depths as the 'belly of Sheol' where he sank down to the 'roots of the mountains' with seaweed wrapped around his head.Sources: the Bible text itself
  • Even while submerged in the ocean depths inside the fish, Jonah repeatedly sets his focus on God's holy temple, promising to fulfill vows and offer sacrifices of thanksgiving.Sources: the Bible text itself
  • According to biblical records, the prophet Jonah was the son of Amittai from Gath-hepher and ministered during the reign of King Jeroboam II of Israel.Sources: Jonah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.