Nations Bible

Job 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen! 2Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li. 3Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri. 4M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve. 5Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim. 6Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò. 7Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò. 8Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen. 9Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò. 10Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'. 11Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'. 12Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè. 13M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman! 14Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble. 15Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo. 16Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout! 17Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa? 18Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo. 19Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'! 20Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou? 21Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Job's Lament over Human Frailty and Suffering

  • Job compares human existence to the grueling life of a hired laborer longing for evening shade and wages, illustrating the rapid passage of fleeting time with the image of a weaver's shuttle moving back and forth.Sources: the Bible text itself
  • In his lament, Job depicts Sheol as a shadowy destination from which a person never returns to earthly life, comparing human disappearance to a cloud that dissipates into nothing.Sources: the Bible text itself
  • Job questions why God subjects him to ceaseless surveillance, asking if he is as dangerous as the chaotic sea or a monster of the deep that must be placed under perpetual guard.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.