Nations Bible

Job 5

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale? 2Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo. 3Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo. 4Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal. 5Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo. 6Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans. 7Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri. 8Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. 9Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. 10Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden. 11Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo. 12Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo. 13Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè. 14Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit. 15Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo. 16Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo. 17Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt! 18Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou. 19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou. 20Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou. 21L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche. 22W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa. 23Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou. 24Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan. 25W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden. 26Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri. 27Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Eliphaz's Counsel on Suffering and Divine Correction

  • Eliphaz portrays suffering as purposeful divine discipline rather than arbitrary misfortune, asserting that trouble does not arise without cause from the soil. He urges Job not to despise the correction of the Almighty, who wounds only to heal and restore.Sources: the Bible text itself
  • In promising deliverance from six calamities and even seven, Eliphaz employs a traditional poetic formula known as graded numerical parallelism. This rhetorical pattern, common in ancient Near Eastern wisdom poetry, builds emphasis to express comprehensive and complete protection.Sources: the Bible text itself
  • Eliphaz describes ultimate restoration in vivid agricultural and pastoral terms, depicting a life where wild beasts and stony soil cease to be hostile. He envisions a peaceful death occurring in full vigor, likened to a sheaf of grain harvested at the proper season.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.